📌 Enpòtan: Depi wap itilize FLEXSHOP HAITI, ou aksepte tout kondisyon ki endike anba a. Li yo atantivman anvan ou itilize sèvis nou yo.
Seksyon 1
Kont Itilizatè
- Chak itilizatè dwe kreye yon kont pou itilize sèvis la.
- Ou responsab pou kenbe enfòmasyon kont ou yo sekirize ak konfidansyèl.
- FLEXSHOP HAITI gen dwa sispann oswa efase kont ki vyole règ platfòm nan.
Seksyon 2
Depo ak Balans Kont
- Anvan ou achte nenpòt sèvis oswa pwodwi, ou dwe recharge kont ou sou platfòm la.
- Tout depo yo dwe verifye avan yo parèt nan balans kont ou.
- FLEXSHOP HAITI gen dwa refize oswa anile depo sispèk.
MonCash
Peman aksepte
NatCash
Peman aksepte
Seksyon 3
To Dola
- Pri sèvis yo kalkile selon to dola ki afiche sou platfòm la.
- To dola a ka chanje nenpòt ki lè selon kondisyon mache a.
⚠️ Atansyon: Verifye toujou to dola kourann nan anvan ou fè yon tranzaksyon. Pri yo ka diferan de youn jou a lòt.
Seksyon 4
Kòmann ak Livrezon
- Kliyan an dwe bay lyen pwodwi oswa sèvis li vle achte a avèk enfòmasyon kòrèk.
- Tan livrezon tipik: 1 a 24 èdtan apre verifikasyon peman.
- Pandan peryòd gwo demann, livrezon ka pran plis tan.
⚡ Livrezon Rapide: FLEXSHOP HAITI pa garanti yon delè egzak pou tout sèvis yo, men nou fè tout sa nou kapab pou livrezon imedya.
Seksyon 5
Ranbousman
🚫 Politik Ranbousman: Tout peman sou platfòm la konsidere kòm final. Pa gen ranbousman apre sèvis oswa pwodwi a te deja achte oswa livre.
- Kliyan dwe verifye tout enfòmasyon anvan li konfime kòmann li.
- Asire ou ke tout detay kòmann ou yo kòrèk anvan ou konfime.
- Kontakte sipò nou si ou gen pwoblèm avan ou konfime kòmann lan.
Seksyon 6
Sèvis Tyès Pati
- FLEXSHOP HAITI fonksyone kòm yon sèvis entèmedyè pou acha sou entènèt.
- Nou pa afilye ofisyèlman ak sit tankou Amazon, eBay, Shein, oswa lòt platfòm entènasyonal.
- Tout mak komèsyal yo rete pwopriyete pwopriyetè respektif yo.
Seksyon 7
Konpòtman Itilizatè
Itilizatè yo pa dwe:
- Fè fwod oswa bay fo prèv peman
- Itilize platfòm nan pou aktivite ilegal
- Eseye manipile sistèm peman oswa balans lan
Nenpòt vyolasyon ka mennen nan:
- Sispansyon kont
- Blokaj definitif kont
- Aksyon legal si sa nesesè
© 2026 FLEXSHOP HAITI · Tout dwa rezève ·
Konfidansyalite ·
Politik AML